En Español | An Kreyòl |中文| Bằng Tiếng Việt | In English
Ki sa H1N1 (Grip (Pòsin) ye?
Grip H1N1 (ou Fyèv Pòsin), Kòm yo te rele-l avan) se yon viris ki atake koshon òdinèman, men ki antre sou moun tou. An jeneral, moun pa gen grip sa a; men sòti Nan mitan mwa Avril 2009, yo te anrejistre premye ka viris sa a nan peyi Eta Zini. Yo dekouvri viris H1N1 nan anpil lòt peyi tou.
Ki sentòm grip H1N1 (Pòsin) nan?
Sentòm yo menm jan avèk semtòm grip òdinè: fyèv, tous, doulè nan misk, tèt fè mal, frison, feblès jeneral. Gen moun ki devlope dyare ak vomisman. Sentòm sa yo ka anpire.
Ki jan grip H1N1 (pòsin) nan pwopaje sou moun?
Tip grip H1N1 (pòsin) nap pale la a pwopaje de yon moun a yon lòt. Li atrapan mèm jan ak grip òdinè. Viris ki bay li a ka viv nan nen e nan gòj moun; lè yon moun ki enfekte etènye, touse ou pale, viris la ka soti e rete nan lè a. Konsa, moun ka atrape-l si yo respire lè ki kontamine a. Lòt mwayen moun atrape grip pòsin nan se lè yo manyen bagay ki enfekte ak jèm maladi an epi touché bouch yo o swa nen yo san lave men yo. An jeneral, yon moun ka kòmanse devlope sentòm grip sa a ant yonn a twa (1-3) jou aprè yo vinn enfekte ak viris lan.
Konbyen tan sa pran aprè yon moun enfekte pou-l kòmanse pwopaje viris grip H1N1 nan?
Moun ki enfekte avèk viris sa a ka kòmanse pwopaje jèm nan yon jou avan yo devlope sentòm e kontinye pou 4 jou apre yo vinn malad. Ti moun menm ak lòt moun ki gen rezistans yo fèb ka pwopaje viris lan pou pi lantan.
Eske gen vaksen kont grip H1N1?
No! Pou koulye an, pa gen vaksen pou pwoteje moun kont viris H1N1 (grip pòsin). Espesyalis nan zafè sa a ap travay sou yon vaksen nou estime ki kapab prè nan kelke mwa. Nou dwe di tou ke pou grip sezonyè yo, pral gen vaksen pou pwoteksyon moun nan sezon otòn nan. Li rekòmande ke tout ti moun ki gen 6 mwa jiska 18 an, gran moun age, e moun ki gen konplikasyon nan santé yo pran Vaksen kont grip sezonyè yo.
Ki sa mwen ka fè pou pwoteje-m kont grip H1N1 lan?
· Lave me-w souvan avèk dlo e savon ou avèk dezenfektan ki gen alkòl.
· Pase ase tan ap dòmi pou kenbe santé-w an fòm. Bwè anpil likid e manje bagay ki trè nitritif
· Pa manyen bouch ou, nen-w o zye-w lè men ou sal
· Evite kontak ak moun ki malad, si se posib
Ki sa-m ta dwe fè si-m vinn malad?
Si-w gen semtòm grip, wo ta dwe rete lakay ou. Osinon, si ou gen nimpòt lòt pwoblem santé, lit a bon pou ou kontakte doktè-w o yon klinik sante. Yo va di-w si ou dwe fè trètman o swa ekzamen. An jeneral, sentòm grip la dire ant 3 a 7 jou. Bwè anpil likid, repose e pran medikaman pou diminye la fyèv. Ti moun ki gen mwens ke 18 an pa ta dwe pran aspirin san konsèy nan men yon doktè medikal. Si ou gen sentòm grip, e yo, pèsiste, al wè Doktè-w.
Chèche swen medikal imediatman, si-w gen kèk nan sentòm nou pral mansyone la yo:
Pou Ti Moun:
· Palpitasyon or pwoblèm respirasyon
· Dekolorasyon (chanjman nan koulè po a )
· Risk pou dezidratasyon (Si ti moun nan pa vle bwè likid)
· Ti moun nan pa santi-l ka leve, ou byen li inaktif
· Ti moun nan vin irite anpil, e refize yo kenbe-l
· Sentòm ki sanble avèk sentòm grip tonbe e retounen avèk lafyèv e tous
· Fyèv ki vini ak gratèl
Gran Moun:
· Pwoblèm respirasyon ou esoufleman
· Doulè ou konpresyon nan lestomak ou nan vant
· Etoudisman
· Konfisyon nan lespri (dezoryante)
· Vomisman san rete
Eske yon moun ka atrape Grip H1N1) (fyèv pòsin) lan nan manje viann koshon?
Non! Se pa nan manje Grip H1N1 nan simaye. Si-w manje vyan koshon ki byen kwit,, li pap kontamine-w
Eske gen medikaman mwen ka pran?
Pou majorite moun ki pran grip, trètman ki pi enpòtan se pran repo, bwè anpil likid, ak medikaman pou kontrole fyèv. Majorite moun pa beswen medikaman ki espesifik kont viris. Pou sa ki gen pou wè avèk medikaman espesifik kont viris, se sèlman yon pèsonèl medical (Doktè, pa examp) ki ka di-w si ou menm ou pitit ou dwe fè trètman. Priorite nan trètman ki genyen se dabò pou moun ki malad anpil, ou ki gen konplikasyon grav ki ogmante ris pou kondisyon agrave avèk grip lan.
Si mwen gen grip lan, ki sa-m ka fè pou anpeche-m enfekte lòt moun?
· Kouvri bouch ak nen-w avèk yon ti papye chak fwa ou etènye ou touse. Chak lè-w fini, jete papye sa a nan poubèl. Si-w pa ta gen papye, ou ka itilize manch chemiz ou.
· Lave men-w avèk dlo e savon, espesyalman aprè-w fin etènye ou touse. Ou kapab itilize dezenfektan ki gen alkòl pou netwaye men-w.
· Rete lakay ou (pa ale lekòl ou nan travay) si ou malad. Li rekòmande ke si ou gen grip pou-w rete lakay li pou 4 premye jou aprè-w vinn malad ou pou 24 è de tan aprè sentòm yo pase.
· Evite kontak avèk lòt moun pou nou pa ba yo enfeksyon an.
Pou plis enfòmasyon, souple kontakte:
Boston Public Health Commission
Depatman sou Kontwòl Maladi Kontajyez
Men Telefòn Meri an,
Tel. 617-534-5050, ou Intènèt: www.bphc.org